|
Bonne Année (3 fois)
Nou voye kanaval sa a nou pa konn si nap jwel
Paske la ri a cho, peyin tèt an ba
Nan kondisyon sila ka pa gen twa jou gra
Tale nape mande kisa pou nou fe
Rele Rele Rele nou pa vle sa
Rele Rele an verite nou pa vle sa
Si nou pa rele sou ko nou peyi nou ap neye
Depi w tande jou sa rive pa gen rete chita gade
Si nou chita nape goumen se peyin kap peye sa
Atansyon : Danje hey !
Kisa nou vle (Linyon nou vle)
Kisa nou mande (Lapè nou vle)
Kisa nou vle (Lanmou nou vle)
Kisa nou vle (Respe nou vle)
Rekonsilyasyon
Sa fè lontan nape batay, sa pa janm avanse anyen
Si nou sekle plante wouze met travay nap avanse
Atansyon : Danje hey !
Gade yon konpa mesye
Gade yon konpa medam
Se nan Mizik-Mizik mpral tchoule kò m
Se nan Mizik-Mizik mpral yaya kò m
Se nan Mizik-Mizik mpral leve pye m
Se nan Mizik-Mizik mpral Zoukoutap
Ala yon bel pep, ala yon pep cho se nou menm : AYISYEN
Si nou mete tete nou ansanm sispann goumen
Na tande lot peyi etranje ap jalouzen
Tout moun a dwat CHANJE
Tout moun a gosh CHANJE
Yo mete m siveye pou yo pa kraze peyi a
Yon malfwendeng konen pou li vin kraze peyi a
Babylon Kidnape ki vle kraze peyi sa-a
Depi w tande gen yon KOU DE
Pa ret tann mwen, pa ret tann mwen TA
Depi w tande gen yon TI KOU
Pa ret tann mwen, pa ret tann mwen RI
Depi w tande GRENN NAN BOU
Pa ret tann mwen, pa ret tann mwen DA
Depi w tande RAT PA KA
Pa ret tann mwen, pa ret tann mwen KA
Depi w tande KOLIN PA
Pa ret tann mwen, pa ret tann mwen WEL
Depi w tande gen MINIS
Pa ret tann mwen, pa ret tann mwen TA
Depi w tande gen LATO
Pa ret tann mwen, pa ret tann mwen TU
Depi w tande gen BONI
Pa ret tann mwen, pa ret tann mwen FAS
Depi w tande DJAZ LA FI
Pa ret tann mwen, pa ret tann mwen NI
|
|
Liste des Méringues
Nos différents reportages:
Carnaval de Pétion-Ville
Carnaval de Jacmel
Bal Masque de T-Vice
Carnaval des enfants
|