Image Nouvelle

Recherche interne

accueil
Photo-Club
Images d'Haïti
Drôles d'Images
Agenda
Spectacles
Musique
Cinéma
Mannequinat
Divers
Archives
Contact


Tru Rasta, tru we true
E yo e yo
Fanatik yo kontan
Ou tande y’ap chante
Ou tande y’ap rele
Pa janm dekouraje woy
Ayisyen nou ye
Drapo n ap flote
Tankou drapo lòt nasyon
Fòk Ayiti chanje
Fò n rekonsilye si n vle avanse sa se verite
Mwen di twòp san koule
Lakay an danje mwen di pa gen manje
Fòk nou di yon mo.

Reggae dance hall se mizik geto
Depi yo tande l tout fanatik yo awoyo
Granmoun kou timoun ap tann sa TRu Rasta pot ba yo
Demele w demele w
Fè tout moun bat bravo
Mizik sa li fè eko
Ankou yon kout kanno
Talè ou pral pran yon gòl kwen poto
Fent gentan fin fèt fly fòk gòl la fèt
Fanatik Tru Rasta

Kè 1
Men Tru Rasta rive mezanmi rasanble
Bon dance hall nou pote
Ane sa n pi move
Tout timoun kou granmoun se la yo vin poze
Si ou teste m wap fè dan m sere sere

Tru Rasta toujou pi wo
Mèt fake rasta yo cho
Rele ponpye vin voye dlo sou yo
Nou pral manyen yo jouk nan zo
Make dè KO
Fanatik yo di o o o

Si m ta pran pou m pale pale pale
Pou sa m ap gade
M pa tap gen bouch pou m pale Si m tap pran tan poum kouri kouri kouri
M tap sòt Pòtoprens pou m al Jeremi a pye
Si m t ap chache yon kote pou m poze poze poze
I say mwen ta pral poze
Anba zèl Bondye
Si m te
M ta pral nan Tru Rasta
Paske se la gwouv la ye

Kè 2
Men Tru rive mezanmi rasanble
Bon dance hall nou pote
Ane sa n pi move
Tout timoun kou granmoun se la yo vin poze
Si ou teste m wap fè dan m sere e e

Rastaman yo fè l konsa
Woule l woule l woule l Tru Rasta rive
Tout timoun yo fè l konsa
Nan Tru Rasta nou ka danse
Tout medam yo fè l konsa
Kapote a dwat epi poste
Tout mesye yo fè l konsa
Tout Ayisyen ann ale

Kè 1


Claudel Victor de Taynos Communication
(Collaboration spéciale)
claudelvictor@yahoo.ca
Liste des Méringues

Mardi Gras

Nos différents
reportages:
  • Carnaval de Pétion-Ville
  • Carnaval de Jacmel
  • Bal Masque de T-Vice
  • Carnaval des enfants


  • Quelques
    Méringues
  • Dega
  • Kriz
  • Misik Misik
  • Sweet Micky
  • T-konpa
  • Trak
  • Tru Rasta
  • Vod'k

  • ©2004-2005
     Pour plus d'infos,
    Contactez notre Webmaster
    Avis important-- Il est formellement interdit d'utiliser les Photos figurant sur le Site ImageNouvelle.com à des fins commerciales ou autres sans l'autorisation expresse d'Image Nouvelle. Pour plus d'infos, appelez-nous aux numéros suivants: (509) 556-5362 et (509) 213-6838 ou écrivez-nous à l'adresse suivante: info@imagenouvelle.com.

    Accueil | Photo Club | Images d'Haïti | Drôles d'images | Spectacle | Agenda | Musique | Cinéma | Mannequinat | Divers | Contact